Pandan Jounen Nasyonal Lang Kreyòl la, òganizasyon POSER lanse yon apèl pou fè lang manman an tounen baz dyalòg ant relijyon ak sitwayen pou rebati Ayiti.
Petyonvil, madi 28 oktòb 2025 – Malgre move tan Ouragan Mélissa te pote, Platfòm Òganizasyon Sektè Relijye yo (POSER) te reyini anpil atktè tankou BINUH, nan Pak Sent Terèz pou make Jounen Nasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la.
Sou tèm « Lang nou, eritaj rezistans kiltirèl nou, ak li n ap reprann diyite nou », selebrasyon an te pote yon sèl mesaj : kreyòl la dwe vin poto mitan inite ak refondasyon peyi a.
« Toutotan nap meprize lang kreyòl la se toutotan nap meprize pwòp tèt pa nou »

Youn nan figi kle òganizasyon an, Joseph Domingue Orgella, ki se tou kowòdonatè Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyen an (CNSCA), te lanse yon apèl pou jenerasyon jodi a « reprann flanbo diyite pèp ayisyen an ».
Nan yon diskou chaje ak emosyon, li denonse mepri anpil moun toujou genyen pou lang Maman yo :
« Nou pa ka meprize yon lang tankou kreyòl la san se pa pwòp tèt pa nou ke nap meprize », li te fè deklarasyon sa pandan foul la te akeyi pawòl li yo ak gwo aplodisman.
IDANTITE AYISYEN AN CHITA SOU SENK POTO
Nan entèvansyon li tou, Joseph Domingue Orgella te raple tout relijyon yo dwe sonje yo se Ayisyen anvan tout bagay.
Daprè li, idantite ayisyen an chita sou senk gwo poto : libète, solidarite, diyite, fyète ak respè.
Li te fini ak yon apèl pou fyète nasyonal la :
« Ann pote flanbo a pi wo pou montre nou merite Dessalines ak tout lòt ewo nou yo. »
LANG KREYÒL LA, YON ERITAJ VIVAN
Joël Turenne, kise direktè nan Ministè Kilt la, te fè yon bèl prezantasyon sou listwa lang kreyòl la.
Li montre kijan lang sa a se rezilta yon melanj lengwistik ak kiltirèl, ki gen enfliyans amerendyen, panyòl ak franse.
« Divèsite sa a fè kreyòl la tounen yon lang vivan, rich, ki anrasinen nan listwa ak idantite pèp ayisyen an », li esplike sa, pandan li tap raple kreyòl la se temwen rezistans ak kreyativite pèp la.
YON LANG POU INI AK REBATI PEYI A
POSER GEN YON VIZYON KLÈ KISE : REBATI AYITI ATRAVÈ LANG KREYÒL LA.
Òganizasyon an, ki te fèt nan lane 2021 apre yon fowòm CNSCA te òganize sou vyolans kont fanm, kwè tout relijyon dwe sèvi ak kreyòl pou pèmèt yon dyalòg nasyonal reyèl.
Objektif la se fè tout sektè relijye yo – Pastè, Pè, Vodouyizan, Imam – pale ansanm nan lang pèp la sou lavni peyi a ak sou edikasyon nap bay pitit nou yo.
« Vizyon POSER se wè tout sektè relijye yo mete tèt yo ansanm pou rebati sosyete a », dapre òganizatè yo.
Jounen an te sèvi tou pou anonse kreyasyon yon kowòdinasyon nasyonal ak entènasyonal pou pote mesaj inite sa a « nan tout kwen mond lan. »
YON SELEBRASYON CHAJE AK FYÈTE AK KÈ KONTAN
Selebrasyon an fini nan yon bèl anbyans « Rara », ak pèfòmans atistik tankou « welele doubout » ak lòt animasyon kiltirèl ki te fè Pak Sent Terèz tranble.
Yon prèv vivan ke kilti kreyòl la, ak tout vitalite li.
Fritz Gerald Hussein VALME


